This post was originally published on this site

Dimanch 3 janvye 2021 ((rezonodwes.com))– Ti tonton nan pwoblèm. Washington Post lage yon bonm jodia Ozetazini ak yon anregistreman kote Trump ap fè gwo presyon sou Sekretè deta nan Jòji pou li ka trafike rezilta yo epi ba li plis pase 11 mil vòt pou li ka rache eleksyon an nan men Joe Biden.

Nan odyo sa, Trump te nan telefòn ak Raffensperger . Li di ke li vle jwenn 11,780 vòt pou li ka rive detounen eleksyon an an favè li.

Li parèt tou pou menase Sekretè Deta a, li di ke si li refize konfòme ak demand yo, se ta dwe « yon gwo risk, » pou li.

Trump di Raffensperger : “Moun Georgia yo fache, moun nan peyi a fache. Epi pa gen anyen ki mal nan di ke ou te rekalkile ».