Lundi 30 décembre 2019 ((rezonodwes.com))– Mwen p ap ka detaye tout liv ki parèt an kreyὸl ki pibliye pandan lanne 2019 la ki make m. Men mwen vle kanmen m, site kèk nan yo. Premye liv ki make m se « Ofeliz », liv Jean Dorcély Dede a. Se woman ki ekri an kreyὸl ki gen plis profondè m li ane a. Woman gen anpil memwa. Istwa enspiran. Mwen santi s on ekriven m konnen twὸ ta.

Youn nan liv ankὸ ki make m, se liv powèm Jessica Nazaire la.  » Pwa Grate  » Mwen damou fason Jessica Nazaire itilize mo yo pou fè imaj. Imaj ki pa difisil men ki mande anpil refleksyon. Se kὸmsi Jessica tradui mo yo, ba yo sans pa l. Li antre tematik nan tematik pou akouche yon dividal angajman. Chak powèm pou tèt pa li, s on angajman. Nan liv sila a, Jessica chaje l kou legba avèk imajinasyon. Yon imajinasyon ki pa depaman ak sa n ap viv jounen jodi a. Powèt la mete nou fas a fas avèk deriv leta yo. Apresa, sou lanmou, lavi, legzistans, migrasyon, relijyon, elatriye…

Mwen renmen  » Konfidans  » liv Fédia Stanislas la ki pran pri Deschamps 2019 la. M trouve istwa bay anpil leson. Leson pou n pran konsyans, pou n tolere e kaba prejije nou genyen kont yon gason ki renmen yon gason parèy li oudimwens yon fanm ki renmen yon fanm parèy li. Leson tou pou nou reflechi sou vyolans k ap fèt sou fanm. Sou migrasyon avèk politik.

M p ap janm bliye lekti « Desounen », yon nouvèl ki sòti nan yon revi nan peyi lewop, Evains Wêche ekri. Li pa ekri l an kreyòl men se tradisyon nou l ap rakonte. Nan nouvèl sila a Evains Wêche antre nan nannan tradisyon vodou a. Lèm te vi n rankontre Evains m te byen kontan tande l k ap pale. Evains pa yon ekriven ki renmen pale tèks li. Men si w mande l ti ka l lapawoli, l ap kontan diskite. Mwen aprann anpil bagay nan men l. Lèl ap pale watadi se yon liv k ap pale.

Se yon lane pwodiksyon literati kreyòl Ayisyen an vi n anrichi anpil. Genyen anpil woman, rekèy powèm avèk liv kont ki sὸti an kreyὸl. M salye travay (édition de la rosée) avèk travay (C3 éditions) ki bay Festival Entènasyonal Literati Kreyὸl yon bèl kout men. M salouwe tou Edisyon Freda, se yon edisyon ki deja istorik a koz li se premye edisyon ayisyen ki pibliye liv kreyὸl sèlman. Men fὸk estaf la gen plis vizyon epi vi n pi dinamik.

M ap wete chapo m byen ba pou m salye reyalizasyon premye edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl (Fèlkreyòl). Se yon festival ki reyalize nan yon kontèks ki mangonmen ak pwoblèm. M desann chapo m plat atè douvan Anivince Jean Baptiste, Dougenie Michelle Archille, Jessica Nazaire, Emmanuel Innocent, Gertrude Sejour ki te rann festivite sila a reyalize e ki pèmèt popilasyon an rantre plis nan kòkòday avèk kilti l.

Boutofen, youn nan bagay m ap di jenerasyon 1990 la. Se pa prese, ekriti pa dwe gen presipitasyon. Sa te etone m yon ti jenn te di m pandan m t ap sot Tigwav nan ( Marathon du livre) . ‘’ M tèlman gen liv ki fini. m ka pibliye youn chak (6) mwa si m vle. ‘’ Pibliye yon liv chak (6) mwa se byen. Ou t ap anrichi plis literati ayisyen an. Men eske w ap ka pote diskou liv la ?

Antouka m pa la pou m jije ki liv ki bon, ki liv li kipa bon. Pigwo kritik literè a se tan. Se tan ki jije liv yo pi byen. Pafwa tan jije yo byen rapid. Pafwa li pran tan pou l jije yo. Pafwa li pa jije yo afὸske li pawè yo. Antouka, sa rete pwennvi pa mwen ! M kontan wè kantite liv k ap sòti an kreyòl. Pou m site Manno Ejèn  » Gen yon larenesans ki tannmen avèk lajenès ayisyen an « 

Ricot Marc Sony