Meri Pòtoprens di l ap kontinye djanm nan mennen kanpay sansibilizasyon li te kòmanse depi kèk tan pou konbat epidemi kowonaviris la nan zòn metwopolitèn nan

Mercredi 1er avril 2020 ((rezonodwes.com))– Nan moman laperèz COVID19 ap simaye nan peyi a, mwen vle envite chak grenn sitwayen pou fè prèv solidarite youn ak lòt! Sitou nan moman kote anpil moun pa ka al bay jounen pou pote on kichòy nan kay, se sa k genyen ki ede sa k pa genyen.

Meri Pòtoprens ap travay san rete depi de dènye semèn yo pou fè sa l konnen nan pwopaje enfòmasyon epi nan zak prevansyon kont Kowonaviris la. Nan kad sa a, li rive plase plis pase 3,000 bokit ak plis pase 50 chatodo pou bay plis moun aksè a lave men yo. Ansanm ak ponpye SIMPAP yo epi solidarite katye yo, nou asire nou pou sitwayen kominn nan toujou jwenn dlo pou yo kapab byen swiv règ ijyèn yo.

Mwen desann chapo m byen ba pou m salye 1,300 jèn volontè; ajan Pwoteksyon Sivil yo; ajan sante kominotè yo; ki depi vandredi, pran lari a pou sansibilize sitwayen yo sou maladi a. Yo gentan distribiye plis pase 20,000 depliyan ki bay bon jan enfòmasyon moun dwe konnen sou viris la. Nou pa t gen gwo mwayen pou n mete yo deyò men yo te aksepte fè travay la paske se sa solidarite a mande.

Malgre ijans lan, nou te chwazi ede prodiksyon lokal la. Kidonk, depi se bokit, chatodo, savon oswa klowòks, nou achte tout nan men antreprenè ayisyen k ap fabrike yo sou plas. Pwoteje tèt ou ak lòt moun kont kowona viris Mwen vle remesye ekip ponpye Meri a ki chak swa, brave lari a pou dezenfekte ak klowòks.

Yon gwo mèsi a tout ekip medikal Meri a, ki gen 2 semèn li pa janm chome sou zafè kowona sa a. Se ekip sa a ki fè fòmasyon pou sansibilizasyon, nan tout lekòl kominal yo, nan mache yo ak nan azil kominal la. Doktè ak enfimyè sa yo enfatigab e mwen pa gen ase pou m ta remèsye yo pou sakrifis y ap fè chak jou pou popilasyon an.

Jefò sa yo Meri Pòtoprens lan ap antreprann, se gras a jenerosite yon sitwayen ki prefere rete anonim, GRET ak lajan kontribyab yo. Nou pa gen anpil se vre, men lavi sitwayen nou yo vo plis pase tout bagay. N ap toujou fè sa n konnen pou nou bay popilasyon an sèvis.

M ap dil ankò, moman sa a, se solidarite li mande. Se youn ki pou veye sou lòt, youn ki pou ede lòt. Anpil nan nou poko konprann kijan moman sa grav, se devwa nou chak pou nou proteje youn lòt. Swiv konsiy yo. Lave men nou, ret lakay nou, evite deplase pou gran mesi. Si nou santi nou gen sentom tankou grip, lafyèv, epi touse, izole tèt nou.

Si nou gen pwoblèm pou respire, rele MSPP prese prese nan 4343-333 oubyen 116. Jès sa yo ka sove nou, yo ka sove lavi zanmi nou ak fanmi nou. Rete kè kal, epi ke bondye gade nou.

Youri Chevry
Majistra Pòtoprens