Mercredi 14 août 2019 ((rezonodwes.com))– Jodi ya Rezonodwes envite w li plizyè powè m potorik gason sa fè, ti bout tèks sila yo ke powèt la bay jounal la dwa pataje avèk anpil kontantman, montre nou ki kalite richès ki gen nan lang lan. Jan lang nou chèlbè.
Manno Ejèn fèt Kiba nan lanne 1946, li grandi
Pòtoprens, powèt, jounalis,nouvelis,kreyolis konferansye, Manno Ejèn ap viv ant
Monreyal ak Ayiti. Gran defansè lang kreyòl, li se fondatè REK, manm sosyete
koukouy, li se youn nan moun kite nan komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen
(AKA)
Manno
Ejèn gen yon katalòg sèlman an kreyòl. Egziltik
ki sòti an 1988, ki se Premye liv powèt la pibliye. Sezon Papiyon, Aganmafwezay, Pwezi
pou anwoule tan mwen ki se dènyè rekèy powèm li ki sòti nan REK Elatriye…
Nou profite rann yon omaj vivan ak powèt Manno
Ejèn ki se youn nan grandèt ki revolisyone lang kreyòl la. Ki rann pèp ayisyen
an konnen lang lan pi byen e bal plis valè. Grosè travay sila yo enfliyanse
lajenès, sitou jenerasyon 1990 la ki prèske ekri an kreyòl, nou ka site Jessica
Nazaire, Christ Falin Oralus, Selmy Accilien, Kevin Pierre, Wiliam Saintcyr,
Samuel Clermont, e yon pakèt lòt powèt.
Tèks
-1
Mawoule avèk makòn rèv mwen
Pawoli an fò m vèsè m ape mennen labatwa
avèk vennsèt mil kilomèt anba pye mwen
San konte tout lanavèt bese leve
an bras alanaj lamare travèse
-2
Lepase pa rete la
ape dòmi reve
anba pil twòkèt rasin
pye sabliye tresse
Sou plizyè ang divès fòm
li kapab fè nou reviv sa nou te ye
-3
Tan an, zepi m ape degrennen
woumenm, jis fanm sa a menm
donezon san etanp, san epitèt
chamantiz sanswèl
m ape dòmi reve a
mwen ant afweman premye fwa a
ak pleziyis dènye fwa a
-4
Nanpwen okenn silans
ki silans toutbon vre.
Silans tout otorite
sou yon kout rèl anmwe eklate, se kout kle
laverite
pou deklete levekanpe.
YON
ZEPI SOLÈY
Yon zepi solèy byen mi
degrennen sou do zile
E zile a gonfle ak mòn
mòn kafe mòn oktòb
mòn kadav… !
Nou koupe nan seren
tankou koulèv andòmi
ap miyonnen rèv asezon
jouk ri dipèp
tonbe maladi patron
Anpi nou tann
nou tann sou tann
ap gade zepi solèy
k ap jete bak
sou gonfleman mòn…
Sa sa sèvi yon endepandans
ki vini tankou règ fanm
yon vye pòt ki baye sou dèyè
Ayayay! si m te lan jwenn
malè pandye ki nan listwa a
ak tout fòs kouraj mwen
Mwen ta vanse kontre demen
Yon panno syèl
sot tonbe sou rèn mòn
jouk solèy rive pouri
santi sou kadav
Yon fèy twazòmfò
mare nan pwen y plim mwen
menm jan kanmarad yo
souye fatig
pou mwen make nan kadas lespwa
chak kado vantando
nou pran nan men sendik
chak pòsyon kouray
nou rache anba zonent pèseptè
non nou pa vle dimwatye
sou eritay zansèt yo
Chapantye yon peyi k ap bati
masonyè yon demen k ap vini
lavalas bezwen vanyan nou
pou li levé jipon li disèt wotè
zile a bezwen jougans ou
pou li toufonnen solèy
Si nou ba li yon lou gal
gade n a wè li pye atè
k ap monte pewon channmas
pou l ale kale je li nan je lalin
si nou ba li yon chans
li va envite boukan dife
fè ladesant lakay li
Yo di mwen gen yon pil fatra
k ap fè pyepoudre pòtoprens
hinnghanng chen
ranpli lannuit rabòl
nan festen lawonte
Yo di mwen se pil sou pil
laperèz lote nan kalfou Yo di mwen pasyans
jete fèy Gonayiv
douvanjou debafre okap
Tande genyen yon dlo
k ap dòmi okap
dlo dòmi konn reve
e se rèv ki louvri sezon
Koute listwa se divinò
li konn langay ki nan rèv yon pèp
loray k ap pyafe nan lòlòj li
(Ekziltik, piblikasyon Atelye Koukouy, 1987)
Ricot Marc Sony
jeunesseht@gmail.com