Mardi 19 janvier 2021 ((rezonodwes.com))–
DEVLOPMAN LOKAL SE MOTÈ DEVLOPMAN NASYONAL
Youn nan rezon ki fè kolektivite teritoryal yo pòv kon sa se paske leta sentral la pa bay gouvènman lokal yo ase bourad ekonomik ni politik pou yo adrese pwoblèm yo. E lè nou di bourad politik , nou ap pale de yon sèten nivo endepedans politik kote otorite lokal yo vin gen ase espas pou yo fè demach an favè lokalite yo reprezante yo— demach ki vin ka fèt an deyò sistèm santral la. Pa ekzanp , yon majistra ta dwe ka envite envestisè etranje pou yon pwojè lokal san li pa pase nan koulwa Ministè Zafè Etranje ak Ministè Enteryè.
Lè kolektivite lokal yo pa jwenn bourad sa yo , yo vin manke repondong. Kidonk bagay yo vin kontinye ap dejenere nan yon tolalito kote feblès vin anpile sou feblès. Tank pwoblèm yo ap vin pi mal , se tank kolektivite teritoryal yo vin ap depann plis sou gouvènman santral la pou tante reponn a bezwen rezidan yo.
Avan nou rantre pi fon nan koze a , an nou defini ki sa konsèp “ KOLEKTIVITE TERITORYAL “ la ye :
KOLEKTIVITE TERITORYAL yo reprezante kòman teritwa yon nasyon divize an diferan nivo administratif. Pa ekzanp , nan ka lakay (tankou tout lot peyi, peyi d Ayiti gen yon chèf d eta ) ; men peyi d Ayiti divize tou an dis depatman ( chak depatman gen yon delege depatmantal ki pa gen pouvwa pou kolekte enpo men li la kòm reprezantan pouvwa ekzekitif santral la pou asire l aparèy leta yo fonksyone kòm sa dwa ; depatman an li menm divize an awondisman ( li gen yon chèf-lye kote biwo leta nasyonal yo gonfle kò yo tankou gran prizon , biwo kontribisyon , biwo ministeryèl e latriye ) ; awondisman an li menm li divize an komin ( chak komin gen yon katèl ki fòme syèj meri a ki gen alatèt li yon majistra ki li menm gen pouvwa pou kolekte enpo paske li se chèf ekzekitif komin lan ) ; komin lan li menm li divize an seksyon kominal ak katye ( chak seksyon kominal ak katye yo gen yon katèl ki baze sou manm kazèk ) ; e finalman seksyon kominal yo divize ann abitasyon ki yo menm reprezante pa manm azèk ( kantite azèk yo depann sou konbyen moun k ap viv nan seksyon kominal yo.) Kantite Azek yo varye ant 7 ak 11.
Nan detay nou bay an wo yo , nou sèlman konsidere otorite ekzekitif ki reprezante kolektivite teritoryal yo men gen reprezantan lejislatif tou : senatè yo reprezante depatman ( twa pou chak depatman ) pandan depite yo yo menm yo reprezante komin yo ( kantite yo depann sou kantite moun ki ap viv nan komin lan kidonk se popilasyon komin lan ki detèmine kantite sikonskripsyon komin lan genyen an tou. Nan aranjman sa , chak depite reprezante yon sikonskripsyon ).
Li enpòtan pou nou rekonèt divizyon teritoryal la pa yon aranjman ki simante ni glasiye paske konstitisyon an bay leta dwa pou chanje konfigirasyon jeyografik lan. Pa ekzanp , leta te pran yon pati nan Depatman Grandans pou fòme yon dizyèm depatman ki vin pote non Depatman Nip. Se kon sa tou , Taba ak Site Solèy ki yon epòk te fè pati komin Dèlma vin tounen de(2) komin apa ki gen pwòp majistra pa yo. Nan moman an la , nou gen 10 depatman , 140 komin ak 570 seksyon kominal. Awondisman, katye ak abitasyon pa reprezante kategori aparantyè nan jesyon kolektivite teritoryal la.
Men si nou gen tout komin sa yo , pou ki sa tout gen menm kalte pwoblèm yo : sòti nan pwoblèm amenanjman teritoryal pou rive nan pwoblèm anfòsman règleman lokal ?
Poutan atik 66 jouk rive nan atik 88 konstitisyon 1987 la prevwa yon pwogram desantralizasyon ki li menm baze sou dekonsantrasyon enstisyon leta yo. Sa vle di leta santral la dwe desantralize enstitisyon leta yo pou pèmèt rezidan depatman yo oswa komin yo rete an kontak ak leta kote yo ye a. Kon sa , yon moun Okay oswa yon moun Tobiwon pa bezwen monte Pòtoprens pou vin fè paspò l , pou vin fè lisans li , ni pou regle zafè dokiman achiv li ni pou l rantre nan fakikte. Pwogram desantralizasyon an mande pou sèvis piblik yo lokalize kidonk dekonsantre yon sèl kote ki rele repiblik pòtoprens.
An nou pran dekrè 2013 ki te fèt pou kore fonksyonnman kolektivite teritoryal yo. Ki sa li te di ? Ebyen li te detaye konsèp DEKONSANTRALIZASYON an klè kou dlo kokoye —- yon dekrè ki te jwenn jistifikasyon legal li nan atik 139 ak atik 140 konstitisyon an menm. Dekrè sa a detaye kòman pwosesis ak demach yo dwe fèt pou aktè konsène yo jwe wòl yo kòm sa dwa : majistra ( ansanm ak kad meri a ) ak kazèk ( ansanm ak azèk k ap sipòte kazèk la ). Otorite lokal sa yo dwe travay kotakòt pa sèlman ak biwo lokal DGI yo ( direksyon jeneral ki la pou kolekte enpo ) men tou ak AJANS POU KOLEKSYON ENPO LOKAL ( AKENP ). Nan yon lwa ki te pibliye nan lane 1990 pou ranfòse atik 85 ak 86 konstitisyon an, pwogram desantralizasyon an te vin ajoute delege depatmantal yo o nivo depatman e vis-delege depatmantal o nivo awondisman an. Nan aranjman sa a , senatè ak depite yo pa te fè pati manm pwogram aktè dekonsantrasyon sa yo.
Pou ranfòse pwogram dekonsantrasyon an , otorite gouvènman santral yo te mete yon dekrè-lwa sou pye nan lane 1996 ki te mande pou tout moun k ap travay nan sektè piblik lan kou nan sektè prive a pou yo mete 1% nan salè yo nan yon fon espesyal pou bay otorite lokal yon bourad ekonomik nan travay y ap mennen yo : Fon Jesyon ak Devlopman Kolektivite Teritoryal.
Konsènan kazèk yo ki yo menm reprezante seksyon kominal yo , leta santral la te envizaje yon mwayen pou ede yo reyisi nan travay yo kòm sa dwa. Pa ekzanp , lalwa di pou kazèk yo mete sou pye senk dosye fondamental ki konsène zòn yo reprezante yo —- dosye ki gen pou idantifye pwoblèm lokal yo sòti nan pwoblèm dlo potab ( resous natirèl ) pou rive nan pwoblèm lopital ak lekòl ( resouz imèn ). Se nan mete dosye sa yo sou pye , kazèk yo pral rive jwenn resous yo bezwen yo pou yo rive sispann jwe wòl ajan elektoral ki pa wòl konstitisyonèl yo pou yo vin jwe wòl prensipal yo kòm sa dwa ki se “ AJAN DEVLOPMAN LOKAL “.
Pwoblèm finansman komin yo ap konfwonte yo montre aklè leta pa te janm mete lwa sa yo ann aplikasyon. San fòmasyon ni enstriman pou ankadre yo , majistra ak kasèk yo vin pa konn kòman pou yo kolekte enpo sou rezidan yo , sou antrepriz yo ni sou lòt aktivite k ap dewoule nan espas yo ap jere yo. Pa ekzanp , yo vin pa gen mwayen pou rantre kòb sou kay k ap konstui nan espas komin lan ( lisans konstriksyon ) , yo vin pa gen mwayen pou fòse konpayi yo peye pou reklam sou ansèy ki aliyen sou wout yo , yo vin manke mwayen pou yo kolekte enpo sou machann ki konble mache yo , yo vin manke mwayen pou kolekte enpo sou chofè ki ap fè vayevyen nan estasyon machin yo. San revni sa yo , otorite lokal yo vin manke mwayen pou pran responsablite yo an men.
Ebyen si lwa sa yo la , pou ki rezon bagay sa yo pa janm chanje ?
Rezon an se paske pa gen lwa ki mòde si pa gen otorite pou ki fè moun yo respekte lwa yo ni si pa gen fòmasyon ki fèt pou edike moun yo sou rezondèt lwa yo. Pa ekzanp , lwa sou dekonsantrasyon an pa ka abouti a anyen ki konkrè si otorite lokal yo pa gen konesans nan zafè fiskal ( kòman pou yo kolekte enpò ak fè bidjè ) ni nan administrasyon piblik. Se pa kalte pwoblèm nou jwenn kay dirijan yo sèlman paske sitwayen twò souvan pa konn devwa sivik yo. Pou l te tante resoud pwoblèm sa yo , leta santral la te lage yon dekrè ki te vize fòme yon enstisyon ki ta pral kanpe pou bay fòmasyon sa yo gratis ti cheri. Men malerezman , enstitisyon sa a toujou rete yon reyalite sou papye pandan komin yo ap soufri yon kriz eknomik ki makonnen nan kriz gouvènmanral kote meri a pa gen lajan , kote majistra a manke otorite. Poutan gen mwayen sou teren an ki te ka soulaje pwoblèm yo si leta santral la te fidèl a pwogram desantralizasyon ak dekonsantrasyon an.
Klèman pwoblèm sa yo kontinye ap vin pi mal paske viktim yo— rezidan ak sitwayen yo — twò souvan pa konn kòman pou yo revandike dwa yo kòm sa dwa. Yon pwoblèm mank edikasyon vin anpire sitou lè nou konpare jan pèp la ap viv totalman dekonekte ak leta. Pa ekzanp , senatè ki reprezante moun lan pa gen yon biwo lokal pou moun lan pote plent , pou moun lan depoze kaye dòleyans li. Nan yon ka kon sa , se laprès pou ki kanpe pou revandike pou yo atravè ankèt jounalis yo mennen nan zòn yo pou louvri je leta sou pwoblèm moun yo yo ap konfwonte yo. Kidonk laprès dwe vin tounen vwa viktim sa yo nan zorèy yon leta endiferan kou delekan ( yon delenkan se yon moun ki pa pran responsablite l an men kidonk yon leta ki bouche zòrèy , ki bouje je l se yon leta delenkan ).
Kwake mwen p ap ankouraje leta pou l dikte ki sa pou laprès fè paske yon demokrasi tout bon vre ap bezwen pou laprès rete yon enstitisyon objektif , men ka menm mwen panse dekrè 2013 la te dwe konsidere laprès kòm youn nan faktè kle nan pwogram dekonsantrasyon an paske desantralizasyon pa ka fèt san enfòmasyon piblik ak politik piblik. Nan yon aranjman kon sa , jounalis yo vin gen yon obligasyon moral pou medyatize pwoblèm ki konsène sitwayen yo pandan an menm tan y ap fè edikasyon sivik sitwayen. Pa ekzanp , machann ki ap mande pou sekirite nan lari a dwe konnen se nan enpò yo ap peye yo pou leta jwenn mwayen pou anplwaye plis polisye. Kidonk pandan laprès ap mande sekirite pou machann yo , fòk li fè menm machann sa yo rekonèt devwa sivik yo : sòti nan genbe lari yo pwòp ( pa lage fatra machandiz yo nan lari ) pou rive nan peye enpo yo regilyèman kòm sa dwa.
Pandan laprès ap jwe wòl li kòm ajan sosyal , pandan otorite lokal yo ap resevwa fòmasyon yo kòm sa dwa — fòmansyon ki pral ede yo jere zafè lokalite yo sòti nan koleksyon enpò pou rive nan amenajman teritoryal — sitwayen yo tou dwe kòmanse kolabore yo o nivo lokal yo tou. Pa ekzanp , sitwayen yo gen dwa kole zepòl yo pou yo fè petisyon , pou yo fè rekòmandasyon. Pa ekzanp , atravè demach yo , rezidan zòn yo ( komite katye ) ka fè maraton pou bati yon ti sant kiltirèl sou yon ti bout tè leta , yon bagay yo ka fè atravè otorite lokal yo san yo pa pase nan koulwa otorite santral yo.
Finalman , leta santral la dwe kite ase espas pou otorite lokal yo manevre kò yo. Pa ekzanp , yon bon pousantaj nan pwofi leta fè nan eksplwatasyon resous natirèl nan yon zòn X ta dwe ale nan devlopman zòn X kote otorite santral yo , otorite lokal yo ak rezidan yo gen dwa dizon sou kòman fon sa a dekese kidonk kòman fon sa a aloke ki vle di nan ki pwojè kòb la dwe depanse e latriye.
Tout aranjman sa yo dwe fèt nan yon atmosfè politik piblik ki baze sou transparans paske lajan leta rale koripsyon pa sèlman lakay men patou sou latè. Se transparans ak sistèm jidisyè endepedan ki gen dan pou l mòde ki jwe wòl gadyen kont koripsyon.
An nou desantralize leta a nan yon pwogram dekonsantrasyon pou mennen peyi d Ayiti sou wout devlopman an paske pa gen devlopman nasyonal san devlopman lokal paske se lokalite yo ansanm ki motè nasyon an. Kidonk san devlopman lokal pa gen devlopman nasyonal.
OTÈ : Doktè Bobb RJJF Rousseau
Administrasyon ak Politik Piblik
Jesyon Gouvènman Lokal
EDITÈ : Marc-kensen Curvinglines
Edikatè , ekriven kreyolofòn
Aktivis kreyolis
Bobb RJJF Rousseau, PhD
Public Policy and Administration
Diaspora Universite
The Blog of Bobb RJJF Rousseau