Yon tèks Headly Noel (Papouch)

M.Sc
Ekonomi-Politik (UMass /HU zu Berlin)

Mardi 24 septembre 2019 ((rezonodwes.com))– On lòt fwa ankò, lanati montre n, se li ki mèt. Se li ki fè, konsa tou li defè zafè’l jan l vle, jan’l  pipito. Lapli tombe Tigwav, li kite gwo dega. Sa fè kè nou mal anpil, lè n wè ansanm imaj k ap sòti nan Tigwav. Moun aba dlo. Kay yo ki anba dlo. Moun mouri. Bèt mouri. Moun pèdi prèske tout ti sa yo te genyen. Labou, fatra, dlo nan lari, ki pita pral bay gwo maladi. Tout sa montre n klè kou dlo kòk, nou gon leta ki pa pran responsabilite li:

  • nan deside kote moun ka viv,
  • kote moun gen dwa moute kay;
  • nan edike moun sou danje ki
    genyen nan anviwònman kote y ap viv la;
  • epi, nan prepare moun pou ka fè
    fas ak jan de pwoblèm sa yo, lanati pote.

Pita pi rèd,
Pita pitris: paske nou konnen chanjman klimatik la gantan rive sou nou.
Syantifik yo prevwa plis lapli ak plis siklòn pou zòn Karayib la, kote nou ye
a. Sa vle di: pral gen plis tè glise, plis inondasyon, plis labou, plis fatra,
plis mikròb – enpi, plis moun k ap mouri. Pita pi rèd: paske Ayisyen poko
kòmanse ak okenn preparasyon, pou nou ka fè fas ak pil gwo danje sa yo. Mete
sousa, nou poko menm kòmanse diskite, 
sou ansanm evantyalite katastwofik sa yo. Pita ap pi rèd, konsa,  l ap pi tris. Paske, nou sot pase plis ke 30
lane ap batay youn kont lòt, nan « hing- hang » olye  nou fè sa pou n fè, pou sove lavi moun.
Rezilta: Tigwav anba dlo. Fòk
nou di tou, se pa sèlman Tigwav ki nan sitiyasyon an. Nan tout vil, tou komin,
espesyalman nan Pòtoprens, depi lapli tombe- SE TÈT CHAJE.

Kisa ki lakòz? An 87 yo lage peyi nou an nan yon FO sistèm demokratik
rachitik bout di. Sa ki fè nan lane 2019 la, peyi a vin
tounen on repiblik vòlè, sousè ak toupizè. Yon bann malfektè pran peyi a pou
yo, yo metel « an » otaj. Moun serye ak moun ki kapab rete bèbè. Y ap
pwoteje tèt yo; y ap pwoteje fanmi yo, enterè ekonomik ak soyal yo.  Alòske, nèg k ap pran pòz konnen, men ki pa
konnen; gwo otorite k ap pran pòz enpòtan yo, pandansetan se pa anyen pap regle
– se yo ki chèf. Se yo ki dirije. Pèp la di « li bouke ». Men tout gwo
zotobre yo, pran pòz yo pa tande. Y ap kontinye regle zafè pèsonèl yo.

Kite nou di w.
Politisyen pale tout pawòl. Eksepte pawòl ki pa enpòtan pou wou. Yo bay anpil
bèl diskou, anpil bèl pwomès, men, okenn nan diskou sa yo pa pote solisyon. Yo
pa esplike nou, kòman nou  pral fè, pou
nou fè fas ak ansanm pwoblèm Ayisyen ap konnen jounen jodia, ak ansanm pwoblèm
nou pral konnen demen yo. Lè politisyen pa ranpli wòl yo; lè yo pa fokis sou
pwoblèm yo dwe fokis; lè yo pa poze kesyon 
yo dwe poze yo, lè yo dwe poze yo – moun mouri. Moun mouri anba lapli,
moun mouri grangou, moun mouri de maladi, moun mouri de vyolans.

Jodia, Tigwav
anba dlo, malerezman se pap pou dènye fwa. Paske peyi a toujou nan yon fo sistèm
demokratik, ki pa pèmèt pou n adrase jan de pwoblèm sa yo. Li pa bay tan pou
diskite yo. Se yon sistèm politik ki pèmèt emèjans yon elit politik: kote, ke
se gouvènman ke se opozisyon, tout se malfektè. Tout nan fè zak ilegal. Yo tout
se malonèt. Sa ki fè, olye n ap pale de bagay serye ki enpòtan pou pèp la, sa
fè plis pase 2 lane nou nan yon kriz politik: yon latriye gang politik, k ap
batay ant yo, pou pran kontwòl pouvwa a. Yo pran lajan Petro Caribe; yo separe
ant yo. Kounyea a la, vòlè ap rele bare vòlè. Pa gen gaz. Lavi chè. Nou nan yon
kriz sosyal, kriz ekonomik, kriz ekolojik. Nou nan yon katchouboumbe de kriz
san fen.

Ayiti- ki
direksyon? Kisa pou n fè, pou politik nou yo ka kòmanse adrese vrè pwoblèm peyi
a ap konfwonte: tankou pwoblèm enèji, pwoblèm ekolojik, ki lakoz pèp la nan
grangou, pwoblèm chanjman klimatik, ki pral mete nan plis grangou, nan plis
mizè?

PREMYÈMAN,
tankou jan Bernard Gousse te di l nan yon lèt: “fòk yo tout politisyen sa yo
pati.” Depite. Senatè. Prezidan. Se pou tout pati. Kite pouvwa a. Paske, yo fè
nou wont. Yo pa merite, pou yo lidè yon bon ti peyi tankou Ayiti. Se pou yo ale
pran repo, pou bay peyi a yon chans pou l develope.

DEZYÈMAN, REPIBLIK DEMOKRATIK 1987 la pa bon pou nou. Son fo demokrasi. L ap touye n. L ap fini ak nou. L ap manje pèp Ayisyen gren pa gren.
Nou mennm, nou di VIV DEMOKRASI. Men nou ti tou: KIJAN DE DEMOKRASI? Paske,
banbòch demokratik n ap asiste la—nou pa bezwen l. Fòk nou ranplase
konstitisyon 87 la ak yon lòt konstitisyon tou nèf. 

TWAZYÈMAN, fòk
jenès peyi a rete vijilan; fòk peyizan yo ak pitit peyizan yo rete vijilan; fòk
Ayisyen entènasonal yo patisipe; fòk tout nèg serye rete vijilan, pou ke ELITE
ALIENE PÒTOPRENS LAN pa vin akouche ban nou on lòt konstitisyon tankou sa 87
la. Se konstisyon sa, k al fè ke jounen jodia, nou gon ekip palmantè, ekip
minis nan Pòtoprens ki ap sèlman ranmase lajan, fè mativi, ki pa regle anyen,
apa touye moun ak vòlè. Fòk nou men ki konsyan de pwoblèm yo, fòk nou prepare
nou, ak bèl lide, ak bon agiman, fòk nou fè devwa syantifik nou tou – pou n
asire ke elit ak boujwa Pótoprens yo, pa PRAN prosesis, ki pral debouche sou on
lòt konstitisyon an – DASO.

Nou menm nou di: Konstitisyon dabò; eleksyon aprè. Se konsa, na va rive
kreye espas pou Ayisyen ka diskite, pale de vrè problèm yo: tankou pwoblèm
debwazman, pwoblèm dlo, pwoblèm manje, edikasyon, sante, kanalizasyon vil nou
yo, elatriye.

Konstitisyon dabò; Eleksyon aprè.

Headly Noel (Papouch)
kontak@2endepandans.com