This post was originally published on this site

Pozisyon Alternative Socialiste sou Rezolisyon CSPJ pran 7 fevriye 2021 an  konsènan  fen  manda  Prezidan  Jovenel  Moise  la.  Ak  represyon sistematik kap fet sou popilasyon ak kek Fanmi sible. Pa gen dout, sa se dènye gout dlo la pou pèp ayisyen an debarase l de rejim PHTK ak plan diktati a.

Jedi 11 fevriye 2021 ((rezonodwes.com))–

Alternative socialiste (ASO), konstate avèk   anpil doulè   ak endiyasyon sitirasyon tèt chaje rejim Tèt Kale a lage Peyi a. Sitirasyon sa a reprezante yon gwo malè pandje sou tèt peyi a.  Yon prezidan san manda  pa we li pa tande  se  represyon  ak  asasinay  li  chwazi  kom   zouti  pou  l  kenbe  l  sou pouvwa debake lannwit deye do lalwa arete jij koukasasyon ak tout iminite l,  anlve  de  fanmi  pezib  ak  lot  sitwayen  lakay  yo,  bat  yo,  maltrete  yo, transfome sel fos legal peyi a an milis pou fe represyon e asasinen militan nan kat kwen peyi a.

ASO ap raple pou ansyen Prezidan Jovenel Moise ke sosyete a asiste plizyè fwa koudeta ki fèt deja yo konnen byen ki zouti ak ki mizanplas  ki  fè  koudeta  donk  sosyete  a  wè  aklè  sa  se  yon  montaj,  fim koudeta  sa  pap  pase  anplis  ak  ki  enterè  pou  bay  yon  prezidan  koudeta menm jou manda l fini.

Tout enstitisyon peyi a pozisyone yo klè kou dlo kokoye ni nan sosyete sivil la, ni nan Leta pou mande ansyen chèf Leta a respekte konstitisyon li te sèmante sou li lè yo ta p remèt li  pouvwa a. ASO  ap raple Konstitisyon peyi a  nan  atik  59  rekonèt  3  enstitisyon  ki  pataje  jesyon  pouvwa  peyi  a :  se Egekitif  la,  Lejislatif  la  ak  Jidisyè  a.  sa  yo  rele  <co-dépositaire  de  la souverainneté nationale>. 13 janvye 2020  avèk yon twit ansyen prezidan Jovenel Moise  konstate kadisite  Pouvwa lejislatif la ki vinn disfonksyonel .

CSPJ pwononse li nan menm sans lan lè li rekònèt nan yon rezolisyon li pibliye  7 fevriye a manda Prezidan an bout 7 fevriye 2021 an selon atik 134-2 konstitisyon ak lwa dekre elektoral 2015. N ap raple ni lakou kasasyon ni Lakoudèkont (CSCCA) te deja pran pozisyon nan refize avalize nominasyon KEP ilegal e entikonstitisyonèl Jovenel Moise.

Alternative Sosyaliste (AS0) ap mande pouvwa jisdisyè a pou pran ak de tout  zak  ansyen  Prezidan  Jovenel  Moise  poze  andeyò  manda  l  kise vyolasyon sistematik konstitisyon an selon atik 134-3 ki di Prezidan an paka benefisye pwolongasyon manda l. Li klè ansyen prezidan Jovenel pap aji pou  kont  li  tankou  Leon  Charles,  Dimitri  Herard,ansyen  premye  minis defakto  Jouthe  Joseph  ak  tout  lot  akolit  li  yo  ap  pouswit  pou  vyolasyon sistematik konstitisyon an. ASO kontinye di se pou pouvwa jisdisyè a (CSPJ) pran bonjan dispozisyon pou mete ansyen prezidan Jovenel moise ò eta de nwi. Na p mande pou koudèkont pran tout dispozisyon lalwa bay pou yon santim nan kès leta pa kontinye depanse nan men yon egzekitif ki pa gen okenn responsablite devan nasyon an.

Nan sans  sa  a,  Alternative  Socialiste   pa  mete  dlo  nan  bouch  li  pou  l denonse tout fòm represyon ak asasinay kap fet sou militan yo. ASO rete solidè  ak  tout  moun  k  ap  sibi  zak  kraponnay,  entimidasyon,  pèsekisyon  ak maspinay tankou sa k sot rive sou fanmi kamarad nou Buteau , fanmi Gauthier, Jij Dabrezil ak tout lòt sitwayen yo anlve dèyè do lalwa.

Zak sa yo pa dwe rete san pini e yo dwe sèvi angrè nan batay  pou fini tout bon vre ak sistèm kowonpi sa a. Fòk nou kanpe koudeta PHTK-Jovnèl-Martelly ap fè kont nasyon an. Tout gwoup oubyen moun ki pa pran pozisyon klè devan move zak sa yo se konplis pouvwa a e pèp la ap mete yo nan menm panye (poubèl listwa) ak Jovenel  ak alye li yo.Zak sa  yo se  yon seri krim pou asire  yon rejim bandi legal nan simen laperèz ak dèy nan fanmi ayisyèn yo.

Alternative socialiste (ASO) ap pwofite salye nouvo prezidan tranzisyon ripti a  Joseph Mecène Jean Louis pou volonte ak disponiblite l pou peyi a nan sousi pou mennen nou nan yon veritab chantye ki dwe debouche nan yon  leta  ki  osèvis  mas  yo.  ASO    ap  mande  oganizasyon  politik  yo, òganizasyon baz yo, sendika yo, gwoup petwotchalendjè yo, oganizasyon dwa moun yo ak lot gwoup nan sosyete a rete mobilize, veye anwo veye anba nan respe konstitisyon an.

VIV LIT PEP AYISYEN- VIV 7 FEVRIYE 86- VIV SOLIDARITE POPILÈ PÈP AYISYEN PA GEN DWA JANM TOUNEN NAN DIKTATI ANKÒ.

Jean Paul BASTIEN

kodonatè