Vandredi 26 mas 2021 ((rezonodwes.com))–
Matris Liberasyon, yon lòt fwa, wete chapo l byen ba devan tout sektè nan vi nasyonal la ki rete kanpe doubout bò kote pèp Ayiyen an nan batay pou retire peyi a anba grif pouvwa sanginè phtk a.
Se avèk gwo lapèn Matris konstate operasyon krabinay rejim fachis la ap fè sou tout enstitisyon peyi a. Dènye viktim lan se Lapolis nasyonal la yap depatcha, kote gang G9 nan konplisite ak palè nasyonal fè yo konte plizyè kadav nan sakrifis vilaj de Dye a, 12 mas pase a, san fanmi yo pa menm ka fè dèy yo. Zak sa rantre nan plan Jovenel ak Léon Charles pou kraze Lapolis la epi pou mete sou moun lame po banann nan ak milis BSAP pou kontinye maspinen popilasyon an.
Malgre tout briganday sa yo, Jovnèl jwenn sipò zanmi kolon l yo nan kominote entènasyonal la ki nan yon mannèv woule m 2 bò, pandan yon kote y ap kondane move zak ak move jesyon pouvwa Defakto Jovnèl Moyiz la, yon lòt kote yap kore koze chanjman konstitisyon ak eleksyon pike kole ak Apredye. Se yon fason pou detounen lespri pèp Ayisyen an epi kase mobilizasyon an k ap mande Jovenel panzouyis kite tèt leta, paske manda l bout depi 7 fevriye 2021.
Se sak fè, Matris Liberasyon rete kwè se sèl pèp Ayisyen an, nan yon kokenn chenn mobilizasyon san pran souf, kap rive libere Ayiti! Nan sans sa, Matris Liberasyon mande tout konpatriyòt tout kote, desann nan lari a 28 ak 29 mas la, pou n al di:
NON ak diktati, NON ak enjerans gwo pisans trèt yo!
Viv batay pou Liberasyon an, aba kolon rasis, Viv yon AYITI ki granmoun tèt li! Viktwa se pou pèp k ap batay!
Biwo Kominikasyon ML
Tel : +50944454545/40209052
matrisliberasyon33@gmail.com