This post was originally published on this site

Samdi 20 mas 2021 ((rezonodwes.com))–

Dat ki te 12 Mas 2021 an ap rete nan listwa Nasyon Ayisyen tankou yon jounen trajik. Yon operasyon lapolis ki te sipoze desitire bandi nan vilaj de Dje fini nan yon beny san, 4 polisye mouri, gen moun ki di 5, gen moun ki di li plis. Gang nan Vilaj de Dje yo imiliye polisye nou yo, yo imiliye menm kadav yo. Plizyè nan polisye yo blese byen grav, pandan tout bandi rete entak, menm yon plim cheve nan tèt yo ki pi piti pa touche.

Natirèlman, evènman sila yo pote anpil lapèn nan kè tout Ayisyen tout kote. Nouvèl la rive byen lwen, li rive nan tout peyi mond lan. Polisye sa yo te gen madanm, yo te gen pitit, menaj, yo te gen manman, papa tout fanmi sa yo ap soufri akòz de evènman 12 Mas sila. Kesyon pou nou poze jodi a se kilè yap sispann soufri? Èske soufrans yo ap tanmen jouk lavi yo tenyen? Kesyon sa yo ap poze pandan nou pap bliye ke y’ap gen pou yo reviv jounen sa chak jou bondye mete nan televizyon ak sou entènèt.

Lanmò polisye sa yo fè nou mal, nou se yo, yo se nou. Polisye sa yo te rantre nan vilaj de Dje sou lòd birokrat ak zotobre Pòtoprens, sou lòd gwo chef Lapolis yo ak tout gouvènman ki la. Yo rantre nan vilaj la, paske yo t’ap fè travay yo ki se: » pwoteje ak sèvi ». Di nou kiyès nan mitan nou ki pa santi kòlè l’ ap monte, ki pa santi l’ fache anfas zak babarik sa yo? Kiyès ki pa santi yo wont, pou imaj k’ap soti nan Pòtoprens? Di nou kiyès ki pa choke, lè l’ gade sa yo fè ak kadav polisye sa yo? ak mounite polisye sa yo? gen anpil kesyon. Men, gen anpil latwoublay, epi pa gen ase repons. Moun pa konn kiyès k’ap bay manti, kiyès k’ap di verite pami tout aktè ki konsène sa yo.

Eske se enkonpetans? Eske Etamajò lapolis la te byen planifye operasyon sila? Eske yo te kominike tout detay enpòtan operasyon an, bay tout moun ki enplike yo? Eske yo te analize topografi teren an byen; eske yo te fè rekonesans ak zye moun, ak entelijans moun? Oubyen tou, eske se sabotaj, jan anpil moun konprann evèman 12 mas la?

Gen nan nou tou ki vle ale pi fon nan analiz la. Eske vrèman vre nou pat sou yon chimen ki menen nou kote nou ye laa? Kijan de travay nou te fè, antanke sosye, ak timoun ki t’ap grandi nan Vilaj de Dje, ansyen vilaj Kosovo, ki te ka ede nou pou nou pat rive la.

N’ap bezwen repons tout kesyon sa yo. Chak Ayisyen, chak group òganize, ki enplike nan travay pèp la ta dwe bouske repons pou kesyon sa yo. epi kontribye nan jwenn solisyon tou! Peyi a bezwen yon lòt gouvènman ki responsab pou bouske repons pou kesyon sa yo. Men, pandanstan, gen yon bagay nou ta bezwen repons a li touswit. NOu bezwen repons touswit, paske bagay la trouble lespri nou anpil, li ta dwe trouble lespri tout Ayisyen.

Nouvèl la rive jwenn nou, nan 2zyem Endepandans, ke Lapolis, responsab nan leta yo elatriye negosye ak bandi pou rekipere cha. Gen moun ki di se anpil biyè vèt ki te bay pou cha sa ka sot deyò. Kidonk sa ta vle di nèg yo reachete cha nan men bandi yo. Sa ki moutre aklè ke nou g’on leta san fos, san eskanp figi, san nen, nou g’on leta MAZORA. Sa ki mennem sou kesyon m nan: »Kote Kadav mesye yo? » Nou tande y al negosye pou

Cha, gen kòb ki bay, nou pa konn si se vre. Men, si cha a bay, fòk kò polisye yo ta bay tou.  Nou pa ka fouti di Cha a pi enpòtan ke kò polisye nou yo. Eske gon jefò k’ap fèt kote Prezidan ak tout gouvènman Jouthe la, pou jween kadav yo?

N’ap di gouvènman, fè kou l’ konnen pou l’ remèt kadav yo bay mèt yo. Fanmi polisye yo bezwen kadav yo pou yo ka antere ti misye yo ak diyitite imen ak onè yo merite, pou fanmi yo ka fè dèy pwòch yo jan yo dwe. Yo pap ka fè dèy tout otan kadav polisye sa yo lage kou chen nan men bandi vilaj de Dje.

Fanmi yo pap ka fè dey non plis tou e nanm polisye nou yo pap ka jwenn repo. Lespri nou pap an pè, nou bezwen yon denyè omaj, nou bezwen yon denye babay. E si prezidan insiste, pou l’ rete sou pouvwa a, si gouvènman Mesye Jouthe la insisiste pou l kontinye gouvène, se pou yo demele gèt-yo-kou-mèt-jan-jack, pou yo jwennnm kadav polisye yo. Fòk pèp la ka antere ti misye tankou vanyan ki tombe pou Ayiti n ap reve a paske se sa yo ye !

Wi, Polisye nou yo se viktim, yo te voye yo pou y’al mouri, men, se vanyan yo ye tou kidonk nou dwe ka onore yo kòm sa dwa.

N’ap tou pwofite di nou tou, kraze brize se pa pi bon fason pou nou onore yo. Destriksyon pap kalme kòlè nou; non plis tou, li pap resisite polisye sa yo. Kraze pap ban nou rekonfò ke n’ap chache ya. N ap onore yo ; n’ap jwenn rekonfò sa, lè nou fè polisye nou yo tounen EWO tou bon vre; Lè nou transforme vilaj de Dje ki se kòz lamò yo.. Lè nou libere espas la. Lè nou LIBERE ESPAS, retire fatra, ti kay youn sou lòt, moun pil sou pil pou pye kokoye ak pye palmis ka retounen, pou ti zwazo yo ka retounen pou touris ka retounen. N’ap onore yo, lè nou konstwi bèl estati pou polisye sa yo, nan plas kote yo te tombe a, pou lemond ka vinn gade, vinn vizite, yon nouvo vilaj de Dje.

Nou konn de sa n’ap pale la yo, se de bagay pou yon lòt Prezidan, pou yon lòt gouvènman, youn ki responsab, e ki konprann nesesite pou nou fè travay nou dwe fè a, kòm sosyete, pou timoun vilaj de Dje, ki te asite a evènman trajik sa yo pa swiv Tras bandi yo, pou yo pa leve nan yon move kanton menm jan ak lòt yo. Se konsa n’ap onore polisye yo.

N’ap fini ak yon nòt pou Presidan Jovenel Moise. Ou di tout sakrifis pa tròp pou Ayiti. Nou ta renmen konnen jounen jodia ki sakrifis ou prè pou fè, nan moman aktyèl la, pou peyi reprann fòm nòmal li? Eske w pa panse li tap plis fè sans pou antanme prosesis tranzisyon an.

Nou kwè ke ou konprann e tout moun konprann, men si gen moun k ap pan pòz yo pa konprann pa gen okenn eleskyon ki posib, okenn referandum ki ka fèt ak tout lobèy sa yo nan Port-au-Prince. E si w paka fè eleksyon, ou paka onore polisye nou yo kòm sa dwa di nou kisa ki rete w la ? Di nou an bon kreyòl poukisa w Prezidan toujou? N ap tann repons a kesyon sa yo.

Probableman li pap reponn. Pètèt si se nou tout ki mete vwa nou ansanm, l’ap reponn, paske, nou gen anpil difikilte, nou menm nan 2zyem Endepandans pou n’ esplike sans chitaprezidan sou pouvwa.

Nou espere nan yon jou ki pa trò lwen, 2zyem Endepandans va rankontre ansanm avek ou, ansam ak tou lòt fòs viv nasyon an. Jou sa n’ap chita ansam, pou reflechi ansam, pou nou chache konnen kiyès, kisa ki lakòz evènman trajik sa yo. Pou nou reflechi ansanm sou yon anjanda ekolojik, touristik, sosyal e ekonomik nan yon konbit liberasyon pou vilaj de Dye ;

Pou n libere vilaj de Dje: libere moun, libere espas. Pou n’ fè vilaj la tounen yon Vilaj Bondje tout bon vre.

N ap fè sa tèt ansanm. Paske, tèt ansanm se sous fòs.

Papouch HEADLY NOEL
Koòdonatè Gwoup Sivik 2zyèm Endepandans
ekip@endepandans.com
www.endepandans.com