Nòt POU LAPRES PATI AKAO SOU POZISYON Pwotektè SITWAYEN AN.
Mèkredi 24 fevriye 2021 ((rezonodwes.com))– Pati AKAO leve vwa l byen wo pou l denonse ak tout fòs li desizyon Pwotektè Sitwayen an, Mouche Renan Hedouville, pran lè li mete sou kote misyon enstitisyon an jan sa tabli nan atik 3 lalwa 17 jiyè 2012 la, epi antre nan konfyolo ak Madan Lalime BINUH ansanm ak pouvwa de fakto PHTK a pou fè konplo kont batay pou demokrasi pèp ayisyen ap mennen an.
Pwotektè Sitwayen an kite travay lalwa peye l pou l fè, nan atik 6 ak 13 Lwa 17 Jiyè 2012 la, epi li mete akote atik 284-3 konstitisyon 1987, pou l antre nan òganize deba sou nouvo konstitisyon ansyen Prezidan an fè ekri pou tèt li a, nan vyolasyon total Konstitisyon 1987 li te prete sèman sou li an.
Pandan BINUH, nan vyolasyon repete manda li jwenn nan men konsèy sekirite ONI (dapre Rezolisyon 2476 (2019), alinéa 1, adopte 25 jen 2019), fin kore pouvwa PHTK a nan demantibile tout enstitisyon Leta yo, pandan l ap travay pou l mennen peyi a nan plis enstabilite ak yon eleksyon malatchong, pandan lsoti pou l detounen l sou chimen demokrasi a nan depatcha ilegalman Konstitisyon 1987 la,
Jodi a, se Ofis Pwoteksyon Sitwayen an BINUH vle fè tounen bwa dan l nan ba l misyon lalwa peyi a pa ba li.
N ap mande Pwotektè Sitwayen an ranmase karaktè l, gade blan an nan je, fè l konnen kraze konstitisyon ayisyen an pa nan atribisyon OPC. Pwotektè Sitwayen an dwe mete l a la wotè bèl misyon sa a Konstitisyon 1987 la ba li a.
Pwotekte Sitwayen! Ou pa ta dwe gen tan pou w dòmi pou jan Jovenel PHTK volò pouvwa ap vyole dwa moun, fè arestasyon ilegal ak abitrè, kòmande asasina, masak, bay gaz, tire sou moun k ap revandike. Ou gen travay pou w fè nan defann sitwayen ap sitwayèn! Sa w pèdi nan ride diktatè vyole Konstitisyon 87 la ?
Pèp Ayisyen di konplo sa a p ap pase !
Diktati p ap pase!
Viv konstitisyon 87!
Viv Ayiti ! Viv yon Peyi granmoun, yon Sosyete san fòs kote.
Pòtoprens, Jou ki 23 Fevriye 2021
Pou Pati AKAO
Magali Comeau DENIS
Mario LAROCHE Porte-Parole