This post was originally published on this site

Lendi premye fevriye 2021 ((rezonodwes.com))– Militè nan peyi Bimani fè yon kou deta lendi a epi mete anba kòd chèf gouvènman an, Aung San Suu Kyi, yon dam 75 lane ki te ranpòte pri Nobel Lapè an 1991.

Nouvo chè peyi a pwofite tou mare kon krab Prezidan repiblik la, Win Myint, ak kèk gwo towo nan pati ki t ap dirije a.

Poutchis yo deklare eta dijans pou yon lane e mete yon ekip jeneral nan gwo plas nan leta a, epi yo fèmen wout pou al nan aewopò entènasyonal Rangoun nan.

Pou yo ka jistifye kou deta sa, militè yo deklare ke eleksyon ki sot fèt yo te anpil koken ladan yo.

Anpil dirijan nan mond lan, tankou prezidan meriken an, Joe Biden, kondane kou deta sa e yo mande militè yo rantre nan kazèn yo, rebay sivil pouvwa a, jan sa te fèt dizan de sa.