Adresse à la Nation du premier-ministre Jean Henry Céant.

Le premier-ministre Jean Henry Céant qui a pris la parole samedi soir après plus de 10 jours de silence, est revenu presque sur les mêmes dispositions qui ont été annoncées avant le 7 février dernier. M. Céant qui avait affirmé depuis son dernier passage à New York le renvoi de l’actuel directeur de l’Ucref, a laissé entendre que cette entité aura un nouveau directeur sans le nommer. Il a parlé au futur tout en passant en revue les divers problèmes enregistrés dans le pays depuis le déclenchement des hostilités contre le pouvoir en place établi

Port-au-Prince, samedi 16 février 2019 ((rezonodwes.com))–

Pèp Ayisyen, konpatriyòt nan tout 4 kwen peyi a, konpatriyòt ki nan dyaspora a, Frèm ak Sèm yo ;

Sa fè 10 jou depi peyi a ap viv yon moman
difisil, yon moman  ki bay anpil kè
sote ;

Sa fè 10 jou depi timoun yo paka ale
lekòl, lopital yo paka bay laswenyay, gwo biznis ak ti biznis paka
fonksyone ;

Sa fè 10 jou tou depi Leta ap pèdi anpil
lajan. An menm tan tou, popilasyon an soufri anpil. Akòz wout ki bare, li paka
jwenn dlo potab, li paka jwen manje, li paka jwenn gaz, li prèske pa jwenn
kouran. Tout sa ki ka mennen nou dirèk dirèk nan yon grav kriz imanitè ;

Sa fè 10 jou depi kèk nan frè ak sè nou yo
ap pèdi lavi yo nan sikonstans ki revòlte nou tout. Se avèk anpil kè sere m’ap
pwofite voye senpati m pou tout kategori moun, espesyalman polisye ki tonbe yo.

Kòm papa pitit ki konn doulè paran, mwen
voye yon panse espesyal pou manman jenn ti gason  sa a, Roberto Badjo THELUSMA ki mouri devan
lopital jeneral pandan li t’ap ede manman li nan ti aktivite komès li. Si m
tounen 40 lane annaryè, mwen sonje tou kijan m te konn ede manman m nan komès
vyann li  t konn fè nan mache Kwabosal. Men
Jodia mwen se Premye Minis, kidonk, pèsonn pa konnen kisa Roberto Badjo Thelusma
te ka vin ye nan peyi sa a.

Dènye tan sa yo, anpil revandikasyon eksprime.
Mwen pran nòt ke nou te sòti pou manifeste kont lavichè, nou mande kont sou
lajan Petwo Karibe ak koze  kòripsyon nan
Leta ;

Nou te sòti pou mande travay, pou di dezakò
nou ak dola a k ap monte tèt nèg, ak lamizè k ap taye banda toupatou. Mwen menm
ak tout manb Gouvènman an, nou tande vwa nou, nou tande rèl nou, nou konprann
kòlè  ak endiyasyon nou.

Opozisyon
pliryèl la te soti pou eksprime dezako li ak gouvènans peyi a. Pèp la fè tande
vwa li san li pa sibi represyon, e dirijan yo konprann nesesite pou bay swit ak
revandikasyon pèp la. M’ap pwofite felisite Polis nasyonal la pou pwofesyonalism
ak matirite li. E mwen mande yo kontinye pwoteje lavi chak grenn sitwayen,
sekirize lekòl yo, biznis yo elatriye.  Mesye
Dam, chapo ba !

Men yon lòt kote, nan jou ki
pase yo, gen anpil dezòd ki merite kondane. Moun ki pèdi lavi yo, Magazen ki
pran dife, ponp gaz ki boule, vit machin ki kraze, ti biznis ki fè fayit. Tout
sa lakòz anpil jèn, anpil moun nan klas mwayenn nan pèdi lespwa nan peyi a.

Nan jou ki sot pase yo, anpil resòtisan
peyi zanmi nou yo te oblije kite peyi a. Se yon move nòt pou nou sou sèn
entènasyonal la. Pandan nap mande touris antre nan peyi a, nou pa kapab
kontinye voye move siyal pou pèsonn pa anvi vini vizite nou. Nou kondane zak
malonèt kote yon sitwayen te souye drapo peyi zanmi nou  Lèzetazini. Nou kondane atak ki fèt sou
Anbasad peyi zanmi tankou Pewou ak Itali. Bagay sa yo pa bon ditou e yo pa fè
lonè ak fyète Nasyon an …

Nou konstate ke nan moman malè pandye sou
peyi a, pèsonn pa epanye! Nou tout
soufri! Nou tout nan lapenn! Pèsonn pa ka fonksyone!Se poutèt sa, m’ap di nou,
sektè prive, lidè politik, sosyete sivil, lajenès, Petwotchalenndjè, dyaspora,
ti machann, etidyan, lidè relijye pa gen tan ankò ! Jou
prèske bare nou. Fòk nou fokis sou nannan pwoblèm nan.

Kisa
ki eksplike dram peyi a ap viv jounen jodi a?

Poukisa nou nan tout pwoblèm sa yo ?
Poukisa nou pa janm ka jwenn solisyon ? Pèp Ayisyen! Frèm ak sè m yo!

Dram n’ap viv jounen jodia pa parèt pou
kont li. Li pa yon ka pèdi nonplis. Kidonk, se yon bagay nou ka eksplike. Lè
nou fouye nan Listwa Peyi a, nou rann nou kont se paske depi lontan, nou refize
chita pou nou poze pwoblèm viv ansanm nan. Nou refize chita gade youn lòt nan
je pou nou poze pwoblèm fondalnatal peyi a :

  • Pwoblèm
    kòripsyon k’ap gangrennen Leta a ;
  • Pwoblèm richès peyi a ki pa byen separe ;
  • Pwoblèm move gouvènans ki gen nan Leta a;

Mezanmi peyi a divize ! E se pa
jodia ! Milat yon bò nèg nwa yon lòt bò ; moun rich nan yon kan moun
pòv kanpe anfas ; moun lavil kanpe agòch moun andeyò kanpe adwat ;
moun ki nan peyi a se youn moun ki nan dyaspora a se yon lòt … Divizyon
toupatou ! Ki sosyete ki ka mache konsa ?

Jodia, bò kote Prezidan an, mwen angaje m
pi plis ke anvan. Misyon m se batay
pou rekonsilye nou youn ak lòt, rekoud tout moso ki chire yo, pou Tidjo ak
Gòldennberg kapab chita pale. Yon chita pale sou
abitraj Leta pou nou ansanm, deside ki kote n ap mennen peyi a. Paske, li klè
ke malgre tout diferans ki genyen antrenou, desten nou tout fè yon sèl.

Nou tèlman rate okazyon pou nou poze
pwoblèm yo e rezoud yo yon fwa pou tout sa lakòz ke sa nou pa rezoud ayè eklate
nan figi nou jodia. Nou sonje 6-7 jiyè 2018 ?  Nou sonje sa k te pase ?  

Pèp la te raple nou ke nou dwe chita pou
pote chanjman nan lavi li. Li te voye yon mesaj fò bay tout elit yo, elit
politik ak ekonomik peyi a an patikilye. Mesaj pèp la te klè. Li te di ke l pa
kapab ankò, menmjan Junior yon jenn Ayisyen lamizè ap tizonnen, te raple nou sa
lòtrejou ankò sou rezo sosyal yo ak nan radyo. Junior, vwa w pale pou tout
jenès la.

Se poutèt sa, nou te mache nan 10 Depatman
peyi a nan sousi pou lavil kontre ak andeyò, pou lide tout kategori moun, ak tout
sektè kontre, nan objektif pou nou tabli ansanm yon Pak Pou n Byen Gouvènen
Peyi a.

Anpil anpil jefò fèt. Men bagay la pa
fasil.  Pwosesis la poko fin abouti. Men
fòk nou dakò akalmi nou te gen nan fen lane 2018 jouk rive 7 fevriye 2019 la, se
prèv si nou chita pale yonn ak lòt n ap rive fè lapè ak estabilite blayi. Yon
fason pou n poze epi rezoud vrè pwoblèm ekonomik yo.

Pandan n ap pran angajman pou nou kontinye
pale san fòs kote, fòk nou pa janm sispann goumen kont  yonn nan pi gwo lènmi peyi sa a ki se kòripsyon. 

Pwosè PetwoKaribe a ap fèt wè
pa wè ! Se yon angajman mwen te pran depi nan
Deklarasyon Politik  Jeneral mwen. Jodia
map pran agajman ankò devan pèp Ayisyen an pou ede chèche Kòb Petwokaribe a. Fòk
kòb leta itilize pou byennèt tout pitit peyi a.

Fòk
gen egzanp ki trase sou tout moun ki vòlè lajan Leta a. Lajan Pèp Ayisyen an
dwe sèvi Pèp Ayisyen !

Nan sousi transparans, m ap raple mwen fè
pibliye tout rezolisyon PetwoKaribe yo. Sa itil anpil nan bay pèp la bon jan zouti
pou li pi byen konprann kisa ki dosye PetwoKaribe a. Ki moun nan Leta ki gen dwèt
yo tranpe ladann, ki enstitisyon piblik kou prive ki enplike. Volonte pou fè limyè
sou jesyon lajan sa a, te mennen m bay Lakoudèkont jarèt pou anyen pa t anpeche
yo remèt rapò odit la. Finalman, gras ak rapò pasyèl sa a, Leta ayisyen pote plent
ofisyèlman kont moun ki sispèk nan detounen lajan pèp la.

Tout aksyon  sa yo, se pou ede jwenn repons ak gwo kesyon
sa  a jenès peyi a ap poze depi ane pase
a : « Kot Kòb PetwoKaribe a ? » Mwen bay nou garanti kesyon
sa p ap rete san repons. Yon gwo egzanp ap resi trase nan peyi sa !

10 dènye jou sa yo mwen ak tout manm
gouvènman an nou travay anpil. Sa fè n mande tèt nou èske kriz nou ap travèse a
pa genyen yon opòtinite ladan l. Opòtinite pou nou gade tèt nou nan glas epi
refonde sosyete a sou baz ki pi solid.

Se nan moman kriz, kriz malouk sa yo sosyete
yo pran tout dispozisyon pou koupe fache ak tout sa ki anpeche yo make pwen
kòmsadwa.

Malgre tout difikilte ki genyen sou
pwosesis dyalòg ki te tanmen depi nan mwa desanm nan, li klè, jiskaprezan nou
gen yon sèl altènativ : Dyalòg la se sèl vrè chimen an.

Pandan n ap kontinye fè sakrifis pou
dyalòg la rapousuiv epi abouti, fòk nou kontinye viv, se poutèt sa, Gouvènman m
ap dirije a pran anpil desizyon.

Pou
amelyore kondisyon lavi popilasyon an, aprè plizyè Konsèy Gouvènman, mwen menm
ak tout minis yo, gen anpil kalte mezi nou deside pran.

Annatandan Minis yo vin bay plis detay sou mezi prese prese yo, me
ansanm mezi global nou deside pran yo:

  1. Premyè desizyon : Koupe bidjè Laprimati de 30% pandan n ap sigjere Laprezidans ak Palman an fè
    menmjan an.

 Retire tout privilej ki pa nesesè nan men gran fonksyonè Leta yo (Tankou
frè gaz, kat telefòn, vwayaj initil aletranje, kantite konsiltan sou dosye yo…).

Rekonsidere zafè Dezyèm Rezidans lan.

Ekonomi sa yo ap pèmèt pa egzanp nou ranfòse pouvwa jidisyè a nan ba li
plis mwayen pou fasilite aboutisman pwosè Petwokaribe a.

  • Dezyèm desizyon nou kwè k ap pèmèt Leta jwenn plis kòb pou bay
    plis sèvis : nou mande prese-prese Kou Siperyè Dèkont pou fè Odit tout antrepriz
    otonòm Leta yo, yon mannyè pou nou chèche tout kòb Leta ki detounen, sa ki ap ede
    nou bay popilasyon an bonjan sèvis, an menm tan nap voye je sou ministè titèl
    yo.
  • Twazyèm desizyon Tout done
    estatistik yo montre aklè
    peyi a pèdi anviwon 60 milya goud chak ane sou fwontyè
    ak Ladwann nan zafè kontrebann. Prese-prese, nou pral travay ak zanmi nan
    kominote Entènasyonal la, Sektè prive a, ak Lapolis mete ak Responsab Ladwann
    yo pou nou wè kouman anvan ane sa fini nou ka rive rantre mwatye nan kòb sa. E
    lajan sa, nou pral gade kouman nap kapab mete l nan pwodiksyon nasyonal, nan
    bay sibvansayon nan angrè pou peyizan, kredi ak moun kap fè biznis, sa ki se
    yonn nan mwayen nou genyen pou rive bese dola a.
  • Katriyèm desizyon : Mwen antann mwen ak Prezidan an pou nou kraze tout
    monopòl, pou nou pwoteje moun kap travay nan pwodiksyon nasyonal la, gwo tankou
    piti (tankou moun kap pwodui ze, patat,
    diri elatriye).
    Nan sans sa, prese-prese, mwen pral gen yon rankont ak moun
    ki gen gwo biznis nan peyi a men ki nan pwodiksyon nasyonal pou wè ki gwo
    desizyon nou kapab pran ansanm pou kreye plis djòb pou bese dola, elatriye …
  • Senkyèm
    desizyon
     : Mwen antann mwen ak
    Prezidan an pou rankontre tout moun ki se pwopriyetè faktori yo pou diskite
    avek yo e pou gade nan ki sans nap kapab fè yon efò anplis pou nou manyen salè
    minimòm pou ouvriye ak ouvriyèz yo jwenn yon alemye.
  • Sizyèm desizyon (N ap
    kontinye aji sou dosye Petwo Karibe a)
     : Depi lè m rive kòm Premye
    Minis, mwen ranmase premye rapò Palman te pibliye yo. Mwen te apiye ak tout fòs
    mwen Kou Siperyè Dèkont ki fenk soti yon lòt rapò sou dosye Petwo Karibe a.
    Koulye a, pou nou al pi vit, e pou pemet peyi a rive jwenn lajan ki pedi nan
    Petwo Karibe a, m ap anonse :
  • Nominasyon
    prese prese yon nouvo Direktè UCREF, yon nouvo Direkte ULCC
  • Komisè
    Gouvènman an pwal pran aksyon pi vit sou dosye Rapò Kou Siperyè Dèkont
    la ;
  • Ke CSPJ a mete plis Jij pou travay sou dosye Petwo
    Karibe a.
  • Setyèm desizyon :
    Nou pral mete kanpe e rann fonksyonèl tout bon vre
    Konsèy Administrasyon ki nan tèt òganis otonòm leta yo, pou anpeche yon Direktè
    koupe rache jan lide l dil. Fòk gen moun serye ki
    soti nan sosyete sivil la ki vin ranfòse Konsèy Administrasyon sila yo nan
    founi je gade.
  • Nevyèm  desizyon :
    Nou pral chita ak patnè entènasyonal yo, ak BRH, APB, konpayi asirans yo pou
    refè FDI pou li ka tounen yon Bank Devlòpman pou finanse relans ekonomik lan.
    Pou bay jènn aksè ak kredi.
  • Nevyèm desizyon : Annatandan
    tout mezi sa yo kòmanse bay rezilta, nou gentan etabli yon pwogram dirèk ansanm
    ak  pwodiktè lokal yo, enpòtatè yo ak
    patnè entènasyonal yo pou nou kase pri pwodwi premyè nesesite yo.

Pèp Ayisyen Menm si nou pran tout mezi nou
ta imajine, gen yon sèl solisyon kap dirab : se chita pou yonn gade lòt nan je
pou nou pale ansanm, pou nou deside ansanm ki kote nou vle mennen peyi a. Jodia
yon lòt fwa ankò nou dwe konsidere moman sa a, peryòd difisil sa a ke peyi a konnen
depi 7 fevrye a tankou yon opòtinite ke nou paka rate. Gen ijans !  Nou rate anpil deja !
Annou tout fè jefò  pou nou bliye sa ki
divize nou…

Annou poze pwoblèm viv ansanm nan ! Pa
gen wout pa bwa, pa gen 2 solisyon ! Se yon sèl ki genyen ! Se chita
pale pou nou ka deside ansanm sa nou vle fè de nasyon an…

Mèsi anpil !!! Viv Ayiti ! Viv
Pèp Ayisyen an !