Le discours du président Jovenel Moïse ne finit pas de susciter des réactions de la part des autorités locales et départementales. Dans une lettre ouverte, le maire Josué Alusma dément le propos du chef de l’état affirmant avoir remis 2 backhoe loaders au conseil municipal de la métropole du Nord’Ouest
Port-de-Paix, mardi 11 décembre 2018
Lèt tou ouvè!
Mwen voye yon gro kout chapo ak tout moun Pòdepè, nan moman difisil ki fete fèt vil la, IMAKILE, patwon vil la. Mwen felisite e apresye jefò chak sitwayen nan yon fason ou yon lòt ki te ede bay yon bon imaj a vil la, kote politik antidevlopman an ap denigre chak jou ki jou. Mwen salye jefò gouvènman an, ki nan yon fason ou yon lòt, pote kontribisyon pa li pou fèt la ka reyalize. Imakile pa pwomès, imakile pa chantay politik, men imakile se sal ye a.
Mwen tande ak anpil atansyon, chef leta peyi’m nan, ke mwen gen anpil respè pou li, ki anonse sou plas piblik Podepè a, jou ki te 7 desanm nan la sware, ke li bay meri Pòdepè, meri m’ap dirije a 2 bakolodè pou fè travay vil la.
Mwen pap demanti prezidan repiblik la, men m’ta swete ke li al chèche konn ki majistra ki te vi’n pran yo nan men’l, Paske meri Pòdepè poko resevwa materyel nan tip sa a ke yon kamyon konpresif, kote prezidan an menm te rele’m vin resevwa’l pou al amelyore pwoblèm fatra pa si pala nan vil la.
Mwen trouve se yon ère grav, paske ekip kap kowòdone pou prezidan an nan depatman an pa nan nivo pou ede prezidan an gen bon jan enfomasyon pou’l ka konprann sityation chak grenn komin nan depatman an e Pòdepè kòm ka patikilye. Mwen twouve tou ke se yon mank delegans grav lè prezidan an ta pran pwoblèm konjonktirèl komin lan pou fè manti e kapital politik li.
Mwen fè anpil efò ak mèg mwayen meri a kote konsèy la te achte yon lodè ak yon kamyon, Depi lè sa ankenn efò poko fèt pou’n jwenn yon bakolodè, malgre mwen te mande prezidan an yon kamyon ak yon bakolodè. Jiska dat, li poko janm reponn meri Pòdepè a. Alòske mwen te pwomèt prezidan an depi’m te jwenn materyèl sa yo, vil mwen an tap pwòp.
M’ap raple prezidan an ke volonte konsèy la se travay pou amelyore kondisyon vi moun anndan komin nan, menm jan li menm kòm prezidan peyi a ap batay pou bay Ayiti yon lòt imaj e se responsabilite’l.
Mwen mande pou prezidan an ede’m jwenn 2 bakolodè sa yo ke li di piblikman vendredi 7 desanm nan la sware ki nan men majistra yo pou fè travay vil la. Si nou pa jwenn yo, meri a ap mande komisè gouvènman an pou mete aksyon piblik an mouvman pou ede nou jwenn moun ki detounen materyèl sa yo ke prezidan an di li bay meri Podepè a.
M’ap fini pou’m di, m’ap raple tout moun Podepè e peyi a alawonnbadè ke meri Pòdepè pa resevwa ankenn bakolodè nan men pyès otorite nan peyi a, e meri a pa mouri, meri a pa kraze, meri a p’ap kraze paske Bondye ap voye je’l sou chak grenn podepezyen ak podepezyèn ki kwè nan chanjman ak devlopman komin sa. Men chanjman sa pap posib nan divizyon ni nan fè vye konplo pou antrave devlopman lokal la.
Viv ayiti, viv Pòdepè!
Majistra Josué ALUSMA