Pòtoprens, jedi 4 fevriye 2021 ((rezonodwes.com))–
Nòt pou Laprès
MOUVMAN KONEKTE-AYITI ap bat bravo lakontantman douvan kouraj tout pèp Ayisyen an ki te kanpe dèyè modòd grèv 1ye ak 2 Fevriye yo, sektè sendikal la te lanse a.
Keseswa pati ak mouvman politik yo, òganizasyon sosyete sivil yo, laprès ak tout pèp Ayisyen an, yo tout te kanpe pou di aba kidnapin, aba ensekirite ak tout lòt fòm enjistis ki tounen lanòm nan peyi Ayiti depi anviwon dis (10) lane.
Se te tou yon mwayen pou nou mande respè pou konstitisyon peyi nou y ap pase anba pye. Respè pou konstitisyon sa yo aplike sèlman lè l anfavè yo.
Kidonk, MOUVMAN KONEKTE-AYITI ap pwofite raple ke manda Prezidan peyi a ap bout 7 Fevriye 2021 an. Se manman lwa peyi a ki di sa nan atik 134-2 konstitisyon amande a.
Poutèt sa, etandone Prezidan Repiblik echwe nan misyon l akoz li pat janm òganize eleksyon pou ranplase pèsonèl politik peyi a, n ap mande yon TRANZISYON k ap gen pou misyon :
- Kreye yon leta solid ;
- Elabore yon pwojè sosyete gras ak yon task force nasyonal ;
- Reyalize eleksyon san paspouki pou renouvle pèsonèl politik peyi a;
- Epi, kreye kondisyon pou yon stabilite kote nou pap janm bezwen TRANZISYON ankò.
MOUVMAN KONEKTE-AYITI kwè ke nou dwe sezi fwa sa kòm youn nan pi gwo opònite nou genyen pou nou koumanse fè pèp Ayisyen viv rèv Papa nasyon, Jean-Jacques Dessalines, te gen pou li: RÈV BYENNÈT POU TOUT AYISYEN.
Allwitch Joly